𝗭𝗘𝗡 𝗣𝗘𝗧𝗘 𝗡𝗔𝗡 𝗧𝗥𝗔𝗡𝗦𝗙𝗘̀ 𝗗𝗜𝗢𝗠𝗔𝗡𝗗𝗘 : 𝗗𝗢𝗦𝗬𝗘 𝗔 𝗣𝗢𝗞𝗢 𝗞𝗔 𝗕𝗢𝗨𝗞𝗟𝗘

Malgre Real Madrid ak RB Leipzig ta renmen finalize transfè Yan Diomandé a, dosye a poko ka boukle. Dapre Marca ak plizyè sous ann Almay, se pa negosyasyon ant de klèb yo ki plis poze pwoblèm, men pito yon seri konfli legal ki enplike ajans reprezantasyon, konpayi dwa komèsyal ak entèmedyè ki reklame dwa sou jwè a.

 

Premye gwo konfli a se ant Maxidel, yon ajans reprezantasyon ki te jere kèk etap nan karyè Diomandé, ak Roc Nation Sports, ajans entènasyonal ki reprezante jwè a kounye a. Maxidel fè konnen li toujou gen dwa legal sou depa jwè a soti Leipzig, tandiske Roc Nation Sports di se li menm sèlman ki gen manda pou negosye nenpòt transfè. Dosye sa a ta menm rive devan FIFA.

 

Anplis de sa, Rainbow, yon konpayi ki jere dwa komèsyal ak dwa imaj, reklame li toujou gen enterè ekonomik sou Diomandé. Konpayi an mennen pwosedi legal kont Maxidel ak Roc Nation Sports, pandan li an konfli tou ak Blue Crow Sports, yon gwoup envestisman ak jesyon foutbòl ki te patisipe nan devlopman karyè jwè a atravè rezo klèb li yo, sou kestyon finansye ak ansyen akò yo.

 

Pou fini, Dez Bamba, yon entèmedyè ki te enplike nan kèk operasyon pandan Diomandé t ap evolye nan Leganés, ap mennen pwòp litij pa li kont Blue Crow Sports pou reklame komisyon li ak validite kèk akò ki te fèt.

 

Pandan avoka yo ap chèche jwenn yon solisyon, Real Madrid ak RB Leipzig kontinye tann. Menm si de klèb yo ta rive dakò sou pri transfè a, tout kesyon legal sa yo dwe jwenn yon direksyon klè anvan operasyon an kapab finalize. Se poutèt sa, yon transfè ki te sanble pratikman fini rete toujou nan enpas.

 

Excel Medical Associates

Primary Care

15490 NW 7TH AVE, Miami FL, 33169

Make an Appointment