Actualité/Sports/Sante
Publié le 7/7/2025 à 10:0450 am
Joseph Durandis journaliste de Caphaitiennews.com
Nan yon peyi kote anpil moun ap soufri ak maladi tansyon, sik, kolestewòl, ak doulè nan zo oswa nan jwenti, manje ki konbat enflamasyon ka vin yon zouti senp pou amelyore sante chak jou. Jan sa mache, se manje ki ede diminye enflamasyon andedan kò a, tankou fwi ki rich an vitamin (tankou papay, mango, zaboka, ak kowosòl), legim fèy (tankou lalo, zepina, chou), ak grenn antye (tankou diri mawon, pwa kongo, pwa wouj). Pwason tankou aran ak sardin, ki gen anpil grès bon pou kè a, fè pati eleman kle yo tou.
Men, gen kèk abitid manje ki ka ogmante enflamasyon nan kò a, tankou twòp manje fri (pate, bannann peze), vyann trete (sosis, jambon), ak bwason ki gen anpil sik (ji endistriyèl, kola). Lè nou konnen anpil Ayisyen pa gen aksè fasil ak swen medikal, manje ki konbat enflamasyon ka tounen yon medikaman natirèl pou evite maladi grav tankou maladi tansyon, sik, ak kolestewòl. Si nou mete plis manje lokal, fre, ak natirèl sou tab nou chak jou, nou pa sèlman pwoteje sante nou, men n ap ede ekonomi lokal la tou. Se yon jan pou nou pran swen tèt nou, pandan nou mete lan valè sa k soti lakay.
Excel Medical Associates
Primary Care
15490 NW 7TH AVE, Miami FL, 33169
Make an Appointment





