“ZILE” PA ANNIE ALERTE: “ LÈ MIZIK VIN YON REFLEKSYON FILOZOFIK SOU SA NOU YE”

Nan mond mizikal Ayisyen an ki souvan make pa dinamis komèsyal, mizik angaje oswa evazyon sonò, gen kèk pwojè ki pa fèt pou fè bri, men pou fè sans. Se nan vizyon sa a nou dekouvri konsèp Zile, yon non senp, men chaje ak lespri, ke atis Annie Alerte chwazi pou nouvo gwoup mizikal li a. Dèyè non sa ki ka parèt minimalist, kache yon pwofondè filozofik, yon apèl enteryè, yon refleksyon sou idantite, silans ak esans.

Actualité/Mizik/kilti

Publié le 6/8/2025 à 6:50 pm

Vaudrey Paul  journaliste  de caphaitiennews.com

 

 

Zile: pa yon kote, men yon eta
Pou Annie Alerte, Zile pa gen anyen pou wè ak yon tè ki antoure ak dlo, si li ta sa , se tap yon erè de sans lakay atis la, non an tap mal chwazi paske Ayiti pa yon “zile” . Se pa yon limit jewografik li vle trase. O kontrè, li fouye pi fon pou mete aksan sou zile enteryè chak moun pote: yon espas k’ap viv andedan nou, kote pawòl fè silans, kote emosyon pran fòm, kote verite pa bezwen dekore pou li ekziste.
“Zile, se pa yon kote ou ale, se yon kote ou tounen,” eksplike Annie Alerte nan youn nan refleksyon li sou konsèp la. “Se entimite ou ak ou menm, se lonè kote w’ap chita ak tout sa ou ye, san degize, san defann tèt ou, san pè.”
Nan sans sa, Zile vin tounen yon teren konsyans, kote mizik pa fèt pou ekspoze, men pou eksplore. Chak nòt, chak vokal, chak silans vin tounen pati nan yon vwayaj enteryè. Mizik la pa pale ak zòrèy, li pale ak lespri, ak nanm.

Mizik pou reveye olye de detann
Nan yon epòk kote mizik vin souvan tounen pwodwi, Annie Alerte mete aksan sou mizik kòm zouti pou reflechi, zouti pou sonje, zouti pou panse tèt nou pi fon. Se pa mizik pou fè moun bliye tèt yo, men mizik pou fè moun sonje kiyès yo ye.
“Nou bezwen son ki leve konsyans, pa son ki kouvri doulè a,” li ajoute. “Nou bezwen chante ki ba nou fòs pou n gade nan glas la e rekonèt sa nou pote, pa sèlman sa nou pèdi.”
Se nan misyon sa Zile pran nesans. Gwoup la pa chita sou senp pèfòmans sonò, men sou rekonstriksyon enteryè, sou revandikasyon imajinasyon, sou rekoneksyon ak sa ki pa gen non men ki fè sans.

Zile kòm filozofi: kote lespri sonde tèt li
Zile, jan Annie Alerte imajine l, pa yon “branding” oswa yon imaj maketing. Se yon pozisyon mantal ak espirityèl. Se non yon filozofi vivan, kote moun aprann chita ak tèt yo, tande bri enteryè yo, epi kite mizik la vin tradiktè sa yo pa janm ka di ak mo.
Nan filozofi sa, Zile pa reprezante izolman, men retrèt enteryè. Se kote lespri jwenn lespas pou li respire, pou li sonde sa li santi, sa li kwè, sa li pè, sa li swete. Se kote ou tounen etidyan ou menm, e mizik la tounen pwofesè ki pa janm di ou ki repons ki bon, li jis ouvè kesyon yo pou ou fouye pi fon.

Yon mizik ki pa konvenk, men ki reveye
Zile pa chita sou lide fè moun dakò, li pa eseye mete tout bagay sou pye moral. Olye de sa, li chita sou ouvèti enteryè, sou volonte pou mizik lanse kesyon, pa pou reponn, men pou reveye sa ki dòmi andedan moun.
Sa mete Annie Alerte ak gwoup li a nan yon chimen atistik ki pi difisil, men pi nòb: mizik pa sèlman pou tande, li se yon fòm rezistans enteryè, yon fòm rezilyans kreyatif, yon fòm meditasyon kolektif. Zile pa fè bri, li fè sans.

Yon apèl pou retounen nan nannan nou
Nan lespri kreyasyon gwoup la, se yon apèl k’ap fèt: retounen. Retounen pa nan tan, men nan nannan sa nou ye, kote lesans pa bezwen pèfòmans, kote emosyon pa bezwen mas. Retounen kote memwa pa fèt de sa ou te viv, men fèt de sa ou te santi.
Zile, se mizik ki pa ka mete nan kategori. Li chita sou kwen meditatif ak mistik, li pale ak dezi moun pou konprann tèt yo. Se mizik ki konfwonte ou, men ki pa jije ou. Li louvri pòt, men li pa di ou ki chanm pou w’ antre.

Pi lwen pase mizik, yon mouvman mantal
Si ou kwè Zile se sèlman yon gwoup, ou ta sanble poko konprann li. Annie Alerte wè li kòm yon mouvman mantal, yon espas refleksyon k’ap grandi, ki ka tounen atelye, espas dyalòg, e menm rasanbleman enteryè. Gwoup la se sèl moso vizib sa ki ka devlope an gwo dimansyon kiltirèl ak espirityèl lan.
Se pa mizik ki di “tann mwen,” se mizik ki di “tande tèt ou.” E nan sosyete kote bri politik, bri medyatik, ak bri pèsonèl souvan bouche konsyans moun, Zile se yon envitasyon pou fè silans tounen sakre.

Yon eksperyans, pa sèlman yon tande
Chak entèraksyon ak Zile se yon eksperyans. Li mande ou pa tande pou tande, men tande pou santi, tande pou sonje, tande pou reveye. Mizik la pa egziste pou ou renmen li oswa pa renmen li, li egziste pou ou tande tèt ou ladan li.
Se sa ki fè Annie Alerte pa ta dwe wè Zile kòm yon “Pwojè,” men kòm yon pwosesis vivan, yon fòm vi, yon espas kote vwa enteryè yo ka respire.
Konklizyon

Annie Alerte, atravè Zile, lanse yon defi kouraj: kreye mizik ki pa flate, men ki fouye. Nan epòk kote tout bagay ap mache vit, kote tout bagay gen pou l fè efè, Zile chita sou kontrè sa: li pran tan, li kite plas pou silans, li fouye fon. Se mizik ki pa mande ou koute li, men ki mande ou tounen sou ou menm. E se petèt la nou konprann pi byen grandè konsèp sa: Zile se pa sèlman mizik, se yon miray limyè andedan ou, kote ou chita pou w sonje ou pa sèlman egziste. Ou ap viv.

Excel Medical Associates

Primary Care

15490 NW 7TH AVE, Miami FL, 33169

Make an Appointment